An official website of the City of Miami

KESYON MOUN POZE SOUVAN

Nan Kourye Lapòs Ameriken:

CITY OF MIAMI

Emergency Rental Assistance (ERA) Program

P.O. BOX # 013581

MIAMI, FL 33101

KESYON MOUN POZE SOUVAN SOU PWOGRAM ÈD LWAYE NAN KA IJANS COVID-19 LA (EMERGENCY RENTAL ASSISTANCE PROGRAM, ERAP)

 

1.   KISA PWOGRAM ÈD LWAYE NAN KA IJANS COVID-19 LA YE?

Pwogram Èd Lwaye nan ka Ijans COVID-19 la pou vil Miami an se yon pwogram èd lwaye ki te kreye nan objektif pou pote soulajman bay kay ki pa genyen revni oswa genyen revni ki mwayen ki rezide nan Vil Miami an ki pa kapab peye lwaye ak sèvis yo akòz pandemi COVID-19 la.

2.   KIYÈS KI KA APLIKE POU PWOGRAM ÈD LWAYE NAN KA IJANS COVID-19 LA?

Fanmi ki ap viv nan Vil Miami ki:


  1. Kalifye pou chomaj oswa ki fè eksperyans rediksyon nan revni kay lan, eksperyans ak gwo depans ki fèt, oswa ki fè eksperyans ak difikilte finansye, swa dirèk oswa endirèk ak pandemi COVID-19 la.
  2. Demontre yon ris pou vin pa gen kote pou rete oswa vin nan enstabilite lojman; epi
  3. Revni kay la dwe 80% oswa mwens pase nivo revni mwayen an. Baze sou kantite Moun ki nan Kay la:


3.   KIJAN M KAPAB APLIKE POU PWOGRAM ÈD LWAYE NAN KA IJANS POU COVID-19 LA (ERAP)?

Vil Miami an ap konsidere aplikasyon yo sou baz moun ki vini anvan an se li ki ap jwenn sèvis anvan epi dapre dat ak lè moun sa yo bay li an pandan priyorite a la pou kay ki respekte priyorite defini Vil Miami an. Ale sou miami.onlinepha.com pandan peryòd anrejistreman 30 jou an epi swiv enkstriksyon yo sou paj akèy la pou soumèt yon aplikasyon.  Aplikan yo ka ale pran epi soumèt papye aplikasyon yo tou nan kote ki la pou sa yo. 

4.    KIJAN DOSYE PRIYORITE TRAVAY ÈD LA FONKSYONE?

Vil Miami an bay aplikasyon yo priyorite pandan li baze li sou nenpòt nan twa faktè sila yo:


  1. Revni kay la pa dwe pi plis pase senkant (50) pousan nan AMI an pou kay la.
  2. Youn (1) oswa plis moun anndan kay la ki p ap travay nan menm jou aplikasyon an fèt la pou èd la epi ki pa te travay pandan peryòd katrevendis jou ki pase anvan jou sa a.
  3. Kay ki te resevwa yon avi degèpisman 3 jou.


5.   KILÈ MWEN KA SOUMÈT YON APLIKASYON POU PWOGRAM ÈD LWAYE NAN KA IJANS POU COVID-19 LA (ERAP)?

Peryòd anrejistreman pou resevwa aplikasyon yo ap kòmanse nan jou ki ap lendi, 29 mas 2021 a 9:00 am.Yo ap asepte aplikasyon yo sou yon peryòd 30 jou. Vil Miami an ap panse pou ouvè pwosesis aplikasyon an ankò pou yon lòt dat sou rezèv disponibilite resous yo.

Vil la ap relouvri pou aplikasyon ankò lendi 12 jiyè, 9:00 am

6.   NAN KI LÈ SIT WÈB LA AP ASEPTE APLIKASYON POU PWOGRAM ÈD LWAYE NAN KA IJANS POU COVID-19 (ERAP) YO?

Miami.onlinepha.com ap asepte aplikasyon yo 24 èdtan nan yon jou sòti nan lendi 12 jiyè, 2021 a 9:00 am.

Vil Miami an ap deziye sit sila a yo pou ale pran oswa soumèt papye aplikasyon yo:

Biwo Distri 1 Commissioner Alex Diaz de la Portilla

Curtis Park

1901 NW 24th AveMiami, FL 33125

Nimewo telefòn: 305-250-5430

Biwo Distri 1 Commissioner Alex Diaz de la Portilla

Antonio Maceo Park

5135 NW 7th St
Miami, FL 33126

Nimewo telefòn:  305-960-2890

Biwo Distri 1 Commissioner Alex Diaz de la Portilla
Allapattah 

1897 NW 20th St.
Miami, FL 33142

Nimewo telefòn: 305-960-5128
Biwo Distri 2 Downtown/Brickell Service Center

444 SW 2 Ave., 10th Floor
Miami, FL 33130

Nimewo telefòn: 305-416-1744

Biwo Distri 2

Coconut Grove Service Center
nan Elizabeth Virrick Park

3255 Plaza Street
Miami, FL 33133

Nimewo telefòn: 305-960-4670

Biwo Distri 3  Commissioner Joe Carollo

1300 SW 12 Ave.
Miami, FL 33129

Nimewo telefòn: 305-960-4650

Biwo Distri 4

Coral Way at Coral Gate Park

415 SW 32nd Avenue
Miami, FL 33135

Nimewo telefòn: 305-960-5131

Biwo Distri 4

Flagami

6030 SW 2 St.
Miami, FL 33144

Nimewo telefòn: 305-250-5420

Biwo Distri 5
Upper Eastside Neighborhood Service Center

Legion Park
6599 Biscayne Blvd.
Miami, FL 33138

Nimewo telefòn: 305-960-5118

Biwo Distri 5

Model City Service Center

1000 NW 62nd Street
Miami, FL 33150

Nimewo telefòn: 305-960-2990

Biwo Distri 5
Overtown Neighborhood Service Center

1490 NW Avenue, 112-B
Miami, Florida 33136

Nimewo telefòn: 305-960-5133
Biwo Distri 5
Office Little Haiti Neighborhood Service Ctr. (Authur Teele Community Ctr.)

6301 NE 2nd Avenue
Miami, Florida 33138

Nimewo telefòn: 305-960-4660
Biwo Distri 50
Wynwood/Edgewater Neighborhood Service Ctr.

Roberto Clemente Park 
101 NW 34 St.
Miami, FL 33127

Nimewo telefòn: 305-960-2904



Ou dwe soumèt tout dosye aplikasyon ki ranpli yo, ansanm ak dokiman ki nesesè yo, nan youn nan chwa yo ki anba a.


Nan Kourye Lapòs Ameriken:

CITY OF MIAMI

Emergency Rental Assistance (ERA) Program

P.O. BOX # 013581

MIAMI, FL 33101

Kote pou Depoze:

CITY OF MIAMI

Emergency Rental Assistance (ERA) Program

14 NE 1st Avenue, 1st Etaj, Lòbi  (Bwat pou Depoze)

MIAMI, FL 33132

Lè pou depoze dosye:  9 a.m. jiska  4 p.m.

7.   KONBYEN TAN PWOGRAM ÈD LWAYE NAN KA IJANS COVID-19 (ERAP) LA AP FÈ AP BAY ASISTANS?

Èd la dwe bay pandan yon peryòd ki pa depase 12 mwa ak posibilite pou èd potansyèl pou yon lòt 3 mwa, Sèlman si sa nesesè, pou asire estabilite lojman an pou yon kay (fanmi). Èd potansyèl la anba rezèv resous ki disponib yo.

8.    KI KANTITE ÈD KI DISPONIB?

Vil Miami an ap peye yon maksimòm $24,000 pou ede nenpòt kay ki kalifye , pou kouvri yon maksimòm douz (12) mwa aryere lwaye, aryere sèvis, ak depans demenajman kalifye, jiska $2,000 pa mwa, epi, si sa aplikab epi si resous yo disponib, yon frè adisyonèl twa (3) mwa asistans pou fè si gen estabilite nan lojman. Aryere aplikan an yo (retounen nan mwa mas 2020) ap peye anvan, epi rès la ap disponib pou lwaye ki gen pou fèt pi devan yo (jous rive mwa desanm 2021).

9.   ÈSKE MWEN KA APLIKE, OSWA RESEVWA LÒT ÈD LWAYE PANDAN MWEN AP RESEVWA ASISTANS NAN PWOGRAM ÈD LWAYE NAN KA IJANS COVID-19 LA (ERAP)?

Wi. Kay ki resevwa sibvansyon nan lòt pwogram èd tankou Bon pou Lojman (seksyon 8) oswa Lojman Piblik p ap ka kalifye pou resevwa èd nan men ERAP si rezilta èd la se yon kantite avantaj repete.

10.  KI DOKIMAN YO MANDE LÈM AP SOUMÈT APLIKASYON MWEN AN?

        Dokiman ki pi ba yo obligatwa nan moman w ap soumèt aplikasyon ou an.

    Verifikasyon Idantite (Omwen youn nan dokiman ki anba yo pou tout moun ki ap viv anndan kay la)

  • Lisans pou kondui
  • Dokiman idantite administrasyon Eta an bay.
  • Sètifika Nesans
  • Paspò
  • Kat Tribal CDIB
  • Idantifikasyon Veteran

Rediksyon nan revni kay la (Seksyon II.A.1) an siyifi gen yon pèt salè oswa pèt konpansasyon. Vil Miami an pral asepte dokiman ki pi ba yo antanke mwayen pou verifye rediksyon revni nan kay yo depi nan dat 3/13/20

  1. Lèt anplwayè a ekri ki fè konnen salè a redwi, revokasyon oswa konje (pèmisyon).
  2. Lèt revokasyon anplwayè an bay
  3. Lèt chomaj ki ekri nan peryòd ki soti nan dat 3/13/2020 rive jounen jodi an
  4. Enprime soti nan chomaj sou prestasyon ki bay pandan 30 dènye jou sa yo.
  5. Avi sou konpayi ki ap fèmen sou sitwèb anplwayè an.
  6. Yon lèt founisè swen sante oswa anplwayè a voye ki konfime gen yon mank kapasite pou travay ki gen a wè ak COVID.
  7. Lèt solisyon pou pèsonèl yo bay
  8. Si okenn nan sa anlè yo pa disponib, yo ka asepte yon fòm otosètifikasyon.

Vil Miami an pral egzije pou fanmi yo bay dokiman pou tout moun ki nan kay la ki gen o mwen dizwit (18) lane laj nan moman aplikasyon an.

Verifikasyon Revni (Omwen youn nan dokiman ki anba yo pou tout moun ki ap viv anndan kay la)

Revni Chak Ane

  • Deklarasyon Enpo Ane 2020 an (1040, 1040EZ, elatriye)
  • W2 2020 nan men Anplwayè a
  • Fòm Enpo 1099 Ane 2020
  • Lòt prèv revni chak ane (tankou deklarasyon salè, deklarasyon enterè, deklarasyon sou konpansasyon chomaj)

Revni Chak MwaPrèv Aryere Lwaye (Si w ap aplike pou aryere)

  • Kontra Lwaye ak Avi pou Mwa ki dwe yo
  • Avi sou aryere lwaye mèt kay la te fè sòti
  • Avi Degèpisman
  • Pwosesis Rezime an envoke epi plent ki idantifye aplikan an (yo) antan ke Akize an (yo)/pwopriyetè an (yo)/Lokatè an (yo), sa ki prevwa yon dat odisyon nan 30 pwochen jou yo.
  • *Dokiman yo dwe gen ladan yo mwa aryere sèvis yo te fèt ladan yo.

Prèv Aryere Sèvis (Si w ap aplike pou aryere)

  • Bòdwo/deklarasyon pou sèvis ou pako peye dwe gen yon nimewo kont (sèvis ki ka ranbouse: dlo, kouran, gaz pwopàn, ak entènèt)
  • Nenpòt lòt dokimantasyon ki aplikab sòti nan yon konpayi sèvis
  • Dokiman yo dwe gen ladan yo mwa aryere sèvis yo te fèt ladan yo
  • Dokiman yo ki pa fèt sou non moun ki lokatè yo dwe vini ansam ak yon prèv inite a gen moun ladan li
  • Si bòdwo an pa fèt sou non moun ki lokatè an, sa ap mande pou gen plis dokiman ki ap montre moun bòdwo yo sou non li an se yon moun ki ap viv nan inite an

Prèv Depans Demenajman yo (Si w ap aplike pou ranbousman depans demenajman)

  • Bay resi, bòdwo, deklarasyon depans ki fèt yo.

Prèv Difikilte finansye, tankou rediksyon sou salè oswa gwo depans ki ap fèt yo, swa li fèt dirèk oswa endirèk akòz pandemi COVID-19 la (Tanpri bay dokiman pou chak moun ki granmoun nan kay la)

Rediksyon sou Revni:

  1. Lèt anplwayè a ekri ki fè konnen salè a redwi, revokasyon oswa konje (pèmisyon).
  2. Lèt revokasyon anplwayè an bay
  3. Lèt chomaj ki ekri nan peryòd ki soti nan dat 3/13/2020 rive jounen jodi an
  4. Enprime soti nan chomaj sou prestasyon ki bay pandan 30 dènye jou sa yo.
  5. Avi sou konpayi ki ap fèmen sou sitwèb anplwayè an.
  6. Yon lèt founisè swen sante oswa anplwayè a voye ki konfime gen yon mank kapasite pou travay ki gen a wè ak COVID.
  7. Lèt solisyon pou pèsonèl yo bay
  8. Rediksyon sou revni paske yon moun nan fanmi an te mouri akòz maladi COVID-19.
  9. Lòt dokiman ki aplikab pou verifye rediksyon sou revni.
  10. Si okenn nan sa anlè yo pa disponib, yo ka asepte yon fòm otosètifikasyon.

Prèv gwo depans (si li aplikab) Vil Miami an pral asepte dokiman ki pi ba yo antanke mwayen pou verifye rediksyon revni nan kay yo depi nan dat 3/13/20:

  • Pri swen sante, tankou swen adomisil pou moun ki gen maladi COVID-19 la
  • Enpak negatif sou swen sante/Pri swen sante ki monte (bòdwo medikal, resi, elatriye)
  • Depans ki fèt akòz karantèn nan oswa mezi distans sosyal la jan anplwayè an di li a (ekipman òdinatè, depans entènèt, elatriye)
  • Depans pou swen timoun ki fèt akòz lekòl ki fèmen pou maladi COVID-19 la
  • Depans pou aprantisaj a distans akòz COVID-19 la
  • Acha Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl (PPE)
  • Penalite, frè, ak pri legal ki gen pou wè ak aryere lwaye oswa aryere sèvis
  • Pèman pou lwaye oswa sèvis ki fèt ak kat kredi pou evite sitiyasyon pa gen kote pou rete an oswa enstabilite lojman
  • Yon altènativ transpò pou kay ki paka itilize transpò piblik yo pandan pandemi sila a
  • Si okenn nan sa anlè yo pa disponib, yo ka asepte yon fòm otosètifikasyon

*Depans sa yo ka verifye ak resi, deklarasyon pèman, deklarasyon kat kredi oswa labank, oswa lòt dokiman.

Prèv Ris Sitiyasyon pa gen kay la (Yon sèl dokiman nan chak kay nesesè)

  • Avi Degèpisman
  • Yon avi sou lwaye a oswa sèvis ou poko peye (yon avi sou rete oswa yon avi pou peye oswa ale sou 5 jou)
  • Viv nan yon kondisyon ki pa an sekirite oswa ansante tankou kondisyon ki ogmante ris ekspozisyon a maladi COVID-19 la paske gen anpil foul
  • Yon chay pou peye depans lojman ki fè sa difisil pou lokatè yo rive peye depans lwaye an
  • Aranjman lwaye enfòmèl yo ki gen yon ti oswa pa genyen pwoteksyon legal
  • Antesedan, oswa potansyèl pou, ekspozisyon ak vyolans konjwen, agresyon oswa asèlman seksyèl
  • Prèv kay la ap renonse oswa retade acha bagay oswa sèvis ki esansyèl tankou manje, medikaman yo preskri, swen timoun, transpò, oswa ekipman ki nesesè pou travay oswa lekòl a distans nan objektif pou peye lwaye oswa sèvis
  • Asèlman oswa menas vèbal mèt kay la pou mete moun deyò ki dokimante
  • Prèv moun nan kay la depann de kat kredi, moun k ap prete sou salè, oswa lòt pwodwi ki ka mete yo nan gwo dèt, rezèv ki ap fini, pou peye lwaye oswa sèvis, nan plas salè oswa lòt revni

Dokiman Pwopriyetè


  • Non, adrès, nimewo sekirite sosyal, nimewo idantifikasyon taks oswa nimewo sekirite sosyal, aplikab, pou mèt kay la
  • Fòm W-9 pou pwopriyetè oswa jesyonè byen imèb ki ranpli
  • Akò Jesyon Pwopriyete, Akò Koutye ki otorize pèman ki dwe distribiye bay jesyonè nan non pwopriyetè an
  • Prèv Pwopriyetè (ak pwopriyete, bòdwo enpo imobilye ki pi resan an, oswa règleman asirans pou pwopriyete pou moman an). Ajans lan ka verifye si pwopriyete a gen mèt ansanm ak yon Biwo Evaliyatè Minisipal Lokal ak Rejis Tit Pwopriyete yo. Si se opsyon sa yo chwazi, ajans lan dwe kenbe yon kopi enprime yon verifikasyon konsa nan dosye aplikan an.

11.      ÈSKE MWEN BEZWEN GENYEN YON ESTATI IMIGRASYON KI LEGAL POU MWEN KA KALIFYE POU RESEVWA ÈD?

Non. Kay yo (fanmi yo) pa bezwen genyen yon estati imigrasyon legal pou kalifye pou pwogram sila a.

12.    SI YO CHWAZI APLIKASYON MWEN AN, ÈSKE MWEN KALIFYE OTOMATIK POU JWENN ÈD?

Non, Vil Miami an bezwen revize tout dokiman ou soumèt yo pou detèmine kalifikasyon ou.

13.    ÈSKE MWEN KA ITILIZE TELEFÒN ENTÈLIJAN MWEN, IPHONE, TABLÈT ANDROID MWEN OSWA LÒT APARÈY ELEKTWONIK KI GENYEN YON KONEKSYON ENTÈNÈT POU FÈ YON APLIKASYON?

Wi, si ou ka ale sou sit wèb miami.onlinepha.comepi antre tout enfòmasyon yo apati aparèy ou an, ou ka itilize li.

14.    ÈSKE MWEN KA FÈ KOREKSYON NAN APLIKASYON MWEN AN PANDAN PERYÒD APLPIKASYON AN?

   Non.

15.   ÈSKE MWEN GEN POU MWEN ANTRE NON YO AK REVNI YO NAN APLIKASYON ERAP COVID-19 MWEN AN?

Wi.  Ou dwe reponn tout kesyon yo epi ranpli tout kazye ki obligatwa yo nan aplikasyon an.   Aplikasyon ou an dwe gen ladan li tout moun ki ap viv nan kay ou an epi tout revni lajan ki genyen ladan l, tankou men ki pa limite ak:  Pansyon Sekirite Sosyal, Andikap Sekirite Sosyal, Revni Sekirite Adisyonèl (SSI), pansyon yo, pansyon alimantè pou timoun, pansyon alimantè, chomaj, andikap tanporè, salè, revni travay moun fè ak tèt yo.

16. ÈSKE MWEN KA ENPRIME APLIKASYON ERAP COVID-19 MWEN AN?

Wi, ou ka enprime aplikasyon an anvan ou soumèt li. Vil Miami an ap fè yon ekstansyon ki rezonab sou akomodasyon pou moun ki andikape yo, ak moun ki gen limit nan pale Angle sou yon baz youn apre lòt epi li pral konsidera andikap yo ak bezwen moun sa yo oswa kay (fanmi) sa yo ki pa gen aksè entènèt.

17.  MWEN PA GENYEN AKÈ AK ENTÈNÈT LAKAY MWEN KI KOTE MWEN KA ALE POU RANPLI PRE APLIKASYON ERAP COVID-19 MWEN AN?

Tanpri rele nan 305-330-1508 pou w ka jwenn èd.

18.  KI MOUN MWEN DWE KONTAKTE SI MWEN GEN KESYON?

Tanpri rele nan 305-330-1508 pou yo ka ede w..

19.  MWEN TE SOU SITWÈB LA EPI MWEN TE KÒMANSE RANPLI APLIKASYON ERAP LA.  MWEN PÈDI KONEKSYON ENTÈNÈT LA NAN MITAN APLIKASYON AN.  KI JAN MWEN KAPAB RETOUNEN LADAN LI?

Si ou pa t resevwa yon resi konfimasyon, ou ap bezwen rekòmanse aplikasyon ou an ankò depi nan tèt.

20.  SITWÈB LA PA DISPONIB EPI MWEN PAKA ANTRE NAN APLIKASYON ERAP MWEN AN.  KISA MWEN TA DWE FÈ?

Tanpri re antre apre kèk minit.

21.  ÈSKE YON LÒT MOUN KA ENSKRI POU MWEN?

Wi, ou ka fè yon zanmi, manm fanmi oswa yon moun k ap pran swen w ede w nan ranpli aplikasyon an, men ou dwe fè si tout enfòmasyon ki ladan yo (dat nesans, revni, elatriye) se verite epi fè yon siyati elektwonik.

Ou pral bezwen pou mete non, nimewo telefòn ak adrès imèl mou n ki te ede w nan aplikasyon an.

22.  SI PITIT MWEN YO AP VIV AK MWEN EPI YO GENYEN OSWA YO GENYEN PLIS PASE 18 LANE, ÈSKE MWEN DWE METE REVNI PA YO?

Wi, revni tout manm nan fanmi an dwe ekri nan aplikasyon an.

23.  KIJAN MWEN KA FÈ DEMANN POU YON AKOMODASYON REZONAB POU YON KA ANDIKAP?

Si ou gen yon andikap epi ou bezwen èd pou fè aplikasyon w lan, Vil Miami an ap fè yon ekstansyon ki rezonab sou akomodasyon pou moun ki andikape yo, ak moun ki gen limit nan pale Angle sou yon baz youn apre lòt epi li pral konsidera andikap yo ak bezwen moun sa yo oswa kay (fanmi) sa yo ki pa gen aksè entènèt. Tanpri, kontakte Sèvis Kliyantèl la nan nimewo sa 305-330-1508, pou akomodasyon rezonab yo, ansanm ak moun ki limite nan pale lang Angle a.

24.  MWEN PA PALE ANGLE OSWA MWEN PA PALE ANGLE BYEN NAN NIVO POU MWEN RANPLI APLIKASYON ERAP LA.  ÈSKE MWEN KA JWENN YON APLIKASYON NAN YON LÒT LANG?

Wi, aplikasyon an disponib nan plizyè lang. 

25.  KILÈ MWEN AP RESEVWA ÈD KI REZÈVE POU MWEN AN?

Nou pa ka fè yon estimasyon tan pou ou jwenn pèman si demann ou an seleksyone epi apwouve.

26. ÈSKE ÈD LOJMAN AN AP VIN JWENN MWEN DIRÈK?

Vil Miami an ap fè pèman dirèk bay antreprenè ki patisipe yo (mèt kay, jeran, elatriye) nan non patisipan ki nan pwogram lan sof pou ranbousman depans demenajman yo l ap bay aplikan k ap patisipe a dirèkteman.

27.  ÈSKE FON ERAP YO KA ITILIZE POU PEYE DEPO SEKIRITE OSWA LÒT FRÈ

Non. Fon yo pa p ka itilize pou peye pou frè ki akimile ki poko peye oswa depo sekirite.

Kesyon Mèt kay yo

1.       ÈSKE MWEN KA APLIKE NAN NON LOKATÈ MWEN AN?

Wi. Si yon jeran yon pwopriyete oswa mèt yon edifis apatman aplike pou èd, li ap bezwen sa ki pi ba yo:

  • Mèt kay la ap bezwen soumèt yon fòm referans mèt kay
  • Nenpòt pèman mèt kay la resevwa apati yon pèman ki fèt anba seksyon sa pral itilize pou satisfè obligasyon lwaye lokatè a lokatè a gen pou mèt kay la.

2.       KIJAN MÈT KAY YO PRAL KONNEN SI YOUN NAN LOKATÈ YO GENYEN YO PRAL RESEVWA YON ÈD ATRAVÈ ERAP?

Ou ap gen pou ou resevwa yon mesaj imèl pou fè w konnen lokatè w la te apwouve pou jwenn èd, ansanm ak yon estimasyon kantite sibvansyon an ap ye.

3.       KI PRÈV OU AP BEZWEN MONTRE POU PWOUVE OU SE YON MÈT KAY?

Ou ap bezwen bay prèv Pwopriyetè (ak pwopriyete, bòdwo enpo imobilye ki pi resan an, oswa règleman asirans pou pwopriyete pou moman an) pou ou verifye si ou se pwopriyetè legal kay sa y ap pale a. W ap resevwa yon kit pou Mèt kay/Pwopriyetè ki gen ladan li dokiman sila yo:

  • Fòmilè pou mande Sètifika pou Mèt kay
  • Fòm pou Otorizasyon pou Depo Dirèk
  • Fòm IRS W9

4.       ANTANKE MÈT KAY, KIJAN POU MWEN RESEVWA PÈMAN ERAP MWEN YO?

Metòd ki pi bon pou debouse pèman yo se depo dirèk. Nan sitiyasyon sa pa ta ka fèt, w ap resevwa pèman ou yo nan chèk.

5.       SI YON LOKATÈ DEMENAJE ANVAN SIBVANSYON AN APWOUVE, ÈSKE MWEN AP GEN POU RANBOUSE PÈMAN ERAP YO?

Wi, si ou te resevwa yon pèman pou èd lwaye epi lokatè a demenaje, ou dwe ranbouse sibvansyon sa a. An plis, si yon mèt kay ap eseye ranmase kòb lwaye, sèvis oswa nenpòt lòt kantite lajan ERAP te peye nan men lokatè an oswa yon tyès pèsòn, mèt kay la ap gen pou ranbouse fon ERAP yo nan yon peryòd tan byen detèmine. Koze eseye ranmase nan men lokatè a gen ladan l men li pa limite ak ranpli yon demann antre nan kay ak fòs ak yon demann detansyon (prizon) kont lokatè a paske li pa peye lwaye, sèvis, oswa frè ERAP te peye yo.

6.       SI MWEN GEN POU MWEN RANBOUSE PÈMAN ERAP LA, BAY KILÈS M AP VOYE CHÈK LA TOUNEN?

VIL MIAMI

PWOGRAM ÈD LWAYE NAN KA IJANS (ERAP)

P.O. BOX # 013581

Miami, FL 33101

7.       KI DOKIMAN MWEN TA KA BEZWEN SOUMÈT POU PWOUVE LOKATÈ AN SE LOKATÈ M LI YE?

  • Kontra Lwaye ki siyen, akò mèt kay la oswa sètifikasyon pwopriyetè an
  • Dokiman Kay la, tankou bòdwo sèvis, atestasyon yon pwopriyetè byen imèb ki ka identifye li antanke yon pwopriyetè verifye oswa yon ajan jesyon nan inite an
  • Lòt dokiman ki rezonab

8.       ÈSKE ARYERE SÈVIS YO KALIFYE ANNDAN ERAP LA?

Wi. Aryere sèvis (dlo, kouran, gaz pwopàn, entènèt) ak depans enèji nan kay yo kalifye pou jwenn èd ladan yo.

9.       KI KANTITE SIBVANSYON MWEN KA ESPERE RESEVWA?

Vil Miami an ap peye tout kantite aryere pou kay yo, pou yon maksimòm 12 mwa, nan limit fon yo disponib la. Yon detèminasyon ap gen pou fèt si plis èd nesesè pou fè si estabilite lojman pou yon lòt twa (3) mwa èd. Aryere aplikan an yo (retounen nan dat 13 mas 2020) ap peye anvan, epi rès la ap disponib pou lwaye ki gen pou fèt pi devan yo (jous rive mwa desanm 2021). Pri lwaye a ap gen yon limit 125% pa rapò ak lwaye a nan mache nòmal zòn nan.

10.    ESKE MWEN DWE ASEPTE SIBVANSYON AN?

Wi, si ou ta vle jwenn pèman nan men ERAP ki genyen ladan li yon akò ak Vil Miami an pou asepte sibvansyon an.